Hugh M. Moriarty Funeral Home logo

Loading Renette's Memorial Page...

RP

Renette Pierre

Pompton Lakes, New Jersey

Renette Pierre (ki te fèt Pierre-Louis), ki te gen 87 an, te mouri anpè jou ki te 17 Out 2026 la.
Renette fèt nan Thomazeau, Ayiti, nan dat 6 Avril 1939. Li te yon fanm ki te gen yon fòs, yon chalè, ak yon lafwa ki te san parèy. Li te batize kòm Temwen Jewova nan dat 12 Fevriye 1963 apre li te fin etidye Labib, e byen vit li te vin gen yon relasyon sere sere ak Bondye l la, Papa l e pi bon zanmi l lan, Jewova. Li te grandi nan vil Pòtoprens, Ayiti, e apre l te fin marye, li te al viv nan Plato Central, nan vil Hinche, kote l te fè premye pitit li ke l te adore a, Uri Pierre.

Nan ane 1979, li te imigre nan Etazini e l te etabli l nan vil Boston, Massachusetts, kote l te viv e l te travay di. Nan vil Boston, li te fè pitit gason l yo, Wooly ak Abraham, epi anfen, ti fi l la ki te trè chè pou li a, Josianne. Renette te patisipe nan akwasman Bon Nouvèl la ke Matye 24:14 pale de li a, e l te ede kominote ayisyen an nan zòn Boston an vin konnen sa Labib anseye. Nan ane 2017, li te al rete nan Pompton Lakes, New Jersey, kote li te al viv ak pitit gason l Abraham ak fanmi l. Li te fè pati kongregasyon Verona Kreyòl la e li te fè anpil bon zanmi ki te toujou la pou sipòte l.

Fanmi Renette te konnen l pou bèl fason l te toujou jwenn solisyon pratik pou nenpòt swadizan pwoblèm. Pandan tout lavi l, li te fè divès kalite travay pou sipòte fanmi l. Men se travay predikasyon an Renette te konsidere kòm vrè karyè lavi l. Li te renmen travay predikasyon kay an kay la, temwayaj an piblik, e ede etidyan Labib yo vin renmen Jewova. Li te gen anpil lajwa lè l te wè kèk nan yo ap fè pwogrè jis yo batize. Li te toujou rapid pou l bay Jewova tout glwa pou pwogrè espirityèl yo. Renette te renmen lapriyè tou. Priyè l yo te senpatik e pwofon, ki te montre vrè amitye l ak Bondye l la, Jewova.

Lakay li, Renette te yon moun ki te pote anpil lajwa ak kè kontan e li te renmen bay blag ak fè moun ri. Li te fò nan kwit manje ayisyen tankou diri blan l lan, legim ak sòs pwa nwa l la ki te yon klasik, e moun te konnen l pou gato ayisyen l yo, pate li yo, ak kremas espesyal li a. Li te jwenn kè kontan nan chante, nan danse, ak nan koud rad.

Fanmi l ki te mouri anvan l yo se paran l yo Georges ak Hermancia Pierre-Louis, ansanm ak frè ak sè l yo: sè jemèl li a Remond, sè l Antonia, sè l Pauline, sè l Paulette ak frè l yo Ducarmel Pierre-Louis, Marc Pradel Pierre-Louis, Antonio Pierre-Louis, Kernisan Pierre-Louis ak Christopher Pierre-Louis. Renette kite dèyè dènye sè li ki vivan an, ti sè li li te renmen anpil anpil la, Rosaire Civil.

Bèl egzanp li kite a ap kontinye viv atravè pitit li yo ki te renmen li anpil anpil. Pitit li yo ak konjwen yo se: Uri Pierre ak madanm li Maeva, Wooly Pierre ak madanm li Ayanna, Abraham Pierre ak madanm li Sarah, ak Josianne Minchella (ki te fèt Pierre) ak mari l Bennett.

Li kite dèyè tou sis ti pitit li yo ki te trè chè pou li: Noam Makelo Pierre, Mathys Jaquari Pierre, Lina Charlie Pierre, Justice Savannah Pierre, Esdras Kadeaux Pierre, ak Saje Silas Pierre.

Se konsa li kite yon gwo gwo fanmi ki gen ladan l kouzen, kouzin, nevè ak nyès ki te renmen Renette anpil. Pami yo, li te gen yon relasyon trè espesyal ak nyès li, Gertha Meme, ki pa t janm rate yon okazyon pou l te rele l, voye kado pou li, bay blag, epi ri avè l. Malgre pwòp pwoblèm lavi pa l yo, Gertha te toujou jwenn tan pou l te vizite l e l te ede Renette ak anpil lanmou nan dènye vizit li a pou l te ba l ankourajman ak èd pratik. Renette kite dèyè tou yon gwo foul Frè ak Sè espirityèl ke l te renmen anpil nan Ayiti, Boston ak New Jersey. N ap sonje l anpil.

Service Information

  • Funeral Service at The Kingdom Hall The Kingdom Hall · Newark, New Jersey

Arrangements by Hugh M. Moriarty Funeral Home